Erè nan rezolisyon epi divilgasyon pou anile

Sa pouw fè siw kwè gen yon bagay ki pa sa osinon yon pwoblèm:

siw kwè gen yon bagay ki pa sa osinon yon pwoblèm nan transfè lajanw lan:

- Rele nou nan 1-800-457-5711; osinon

- Ekri nou nan Western Union, PO Box 6036, Englewood, CO 80155; osinon

- Voye yon imel DFErrorResolutionSPA@westernunion.com.

Fòk ou ta kontakte nou nan 180 jou a pati dat nou te pwomèt ou kòb la tap disponib. Lè ou ap kontakte nou, tanpri ba nou:

1. Non ak adrès ou osino nimewo telefòn ou;

2. Fòk ou ba nou pwoblèm ki genyen ak transfè a epi poukisa ou kwè se yon pwoblèm;

3. Non moun kap recevwa kòb la, epi nimewo telefòn li ak adrès li si ou konnen li;

4. Valè lajan transfè a;

5. Nimewo konfimsyon an osinon nimewo transfè a.

Si te gen yon pwoblèm nan transfè a nap kapab jwenn li nan 90 jou apre dat ou te kontakte nou an epi nap ranje pwoblèm nan. Nap ba ou rezilta yo nan twa jou ouvrab a pati lè nou finn mennen ankèt nou an. Si nou ta wè pat gen pwoblèm nan transfè a nap ekri ou pou nou di ou sa. Ou kapab mande nou kopi nempòt ki dokiman nou sèvi pou mennen ankèt sa a.

Sa pou ou fè si ou vle anile yon transfè lajan:

Dapre la lwa, ou gen dwa anile yon transfè lajan epi resevwa tout lajan ou te peye nou ansanm avek tout lòt frè. Pou ou anile yon transfè fòk ou rele nou nan nimewo telefòn sa a osinon voye yon imel ba nou nan adrès elektronik sa a nan yon lespas ki pa depase plis pase 30 minit a pati lè ou te fè transfè a.

Lè ou ap kontakte nou fòk ou bay tout enfòmasyon ki kapab ede nou jwenn transfè ou ta renmen anile a, ak valè kòb ansanm ak kote ou tap voye lajan. Nap remèt ou lajan ou an nan twa jou ouvrab a pati jou ou te mande anile transfè a sòf si moun ou te voye lajan pou li a ta gentan pran li oswa lajan ta gentan depoze nan kont moun saa.